Kowonaviris- Kisa nou dwe konnen
Kou gratis sou entènèt sa a gen ladan tout pwen esansyèl sou nouvo Kowonaviris
Publisher: Advance LearningDescription
Kou gratis sou entènèt sou nouvo kowonaviris la konsantre sou istwa, sentòm yo, transmisyon ak prevansyon nan viris la ki pat deja idantifye nan moun. Kowonaviris (coV) yo se yon gwo fanmi viris ki lakòz maladi soti nan rim a maladi ki pi grav yo, tankou sendwòm respiratwa Mwayen Oryan (MERS-CoV) ak sendwòm respiratwa egi grav (SARS-CoV). Kowonavirus yo zounotik(zoonotiques), ki vle di ke yo transmèt ant bèt ak moun.
Kou a pral diskite sou ki jan yon epidemi nan viris ka gen konsekans grav pou sante moun ki enfekte avèk li ak konsekans pou resous sanitè nan kominote yo ak peyi kote epidemi an rive a. Siy abityèl enfeksyon yo se sentòm respiratwa, lafyèv, tous, souf kout, ak difikilte pou respire. Nan ka ki pi grav, enfeksyon an ka lakòz nemoni, sendwòm respiratwa egi grav, ensifizans renal e menm lanmò.
Kou a se yon inisyativ inik, ki baze sou enfòmasyon ki ofri nan (Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Jenèv, Swis, ak CDC a (Sant pou Kontwòl Maladi, USA (Center of Disease Control, USA)). Kou sa a fè pati yon inisyativ inovatè Alison pou devlope yon sistèm mondyal sètifikasyon aprantisaj rapid pou konbat pandemi yo. kou gratis sa a ap mete ajou chak jou epi l’ap disponib nan 100 lang. Pou ankouraje konesans ak konpreyansyon sou viris la ak menas li yo, Alison te tou fè kou PDF sètifikasyon gratis ki disponib atravè lemond. Lè ou pran kou sa a, ou ka kenbe enfòmasyon sou pi bon fason pou fè fas ak menas ke nouvo kowoanvirus la reprezante pou ou ak pou lòt moun. Alò, poukisa rete tann? Kòmanse kou a jodi a e nan 1 a 2 èdtan, ou pral genyen konesans pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak kominote ou soti a pou pa atrape ak transmèt nouvo Kowonavirus la.
Start Course Now